KI REYAKSYON W ?

Ki jan w santi w devan moun sa ki touye ti fi sa ki te san sekou a ? Sa endiye w ? Mwen ret kwè sa. Mwen espere sa te ofanse w. Si sa pat fè w menm ni cho ni frèt, sa ta revele yon bagay tèrib nan karaktè w.

Eske w panse Bondye ka rete bra kwaze devan zak malveyan sa yo? Ou ka pariye lavi w Li pa kapab. Zak sa yo ofanse L’. Kòlè Bondye Ganmèt la kont mal se bon jan prèv ki montre bonte L’. Yon lòt fwa, si Bondye bon vrèman Li dwe fache kont tout sa ki mal.

Men kòm bonte Bondye pi gran, kòlè L’ al pi lwen ke vyòl ak touye moun. Pa gen anyen ki kache devan je sen ak san tach Li a. Totire moun, teyoris, avòtman, volè, bay manti, adiltè, fònikasyon, pedofil, omoseksyalite ak blasfèm. Li wè nan panse nou chak Li ap jije nou pou peche kache yo ki sòt nan fon kè n : move dezi, rayisman, rebelyon, ava, imajinasyon sal, engra, egoyis, jalouzi, ogèy, anvi, fent, ak latrye. Jezi fè n konnen, « M ap di n sa, chak ti mo pou pi piti yon moun va di ap konte lè jou jijman an » 6 (anfaz ajoute).

Labib di ke kòlè Bondye abite nou chak 7, a chak fwa nou peche nou anmagazine plis kòlè 8,ki pwal parèt a klè lè jou jijman dènye a. Yo te menm di ke nou se pitit kòlè nan nati nou 9,( anfaz ajoute). Peche kont Bondye vin tou natirèlman lakay nou-ak nou atire kòlè L pa peche nou yo.



Next Page >


© 2007 Ray Comfort. All rights reserved ~ Graphics www.genesis-group.net ~ Website designed by Kiwiblue Design.
Login Back To Top