Anpil moun kwè Bondye bon, L’ap padone tout moun, ak kite tout pechè antre nan wayòm syèl la. Men yo konprann mal bonte L’. Lè Moyiz te mande pou premye fwa pou l’ wè glwa Bondye. Bondye te di l’ li pa tap ka wè L,’pou li menm viv. Moyiz tap jwen lanmò l soulechan si li ta manke voye je l gade Bondye. Konsidere sa.
[Bondye] di : Mwen ap fè nou we bonte mwen pase devan w…Le lap pase pandan glwa mwen ap pase Mwen ap mete w nan yon tou wòch, Mwen ap kouvri w ak menm mwen lè Mwen ap pase.10
Remake ke tout Glwa Bondye te chita nan Bonte L’. Bonte Bondye ta dwe touye Moyiz imedyatman akòz peche pa li yo. Flanm dife bonte Bondye a tap konsonmen li, tankou yon gode dlo yo jete sou sifas solèy la. Yon sèl fason yon moun ka kanpe devan prezans Bondye s’ak yon kè pwòp. Jezi di : « Benediksyon pou moun kè pwòp yo, yo va wè Bondye anfas.11 Men kòm nou wè lè m nan gade sa Lalwa di, pa menm youn nan nou gen “kè pwòp”
Panse sa yo bay anpil kè sote paske de Bondye sa ke nou ap pale ya pa lòt bagay ke menm imaj ke nou tout dakò sou li ya. Li pa tankou yon Papa bonkè, kap souri ak kè kontan bay yon limanite pechrès.
Nan mitan tout kè sote sa yo, ou mèt kite krent sa pote w ale. Krent pou Bondye se pi bon krent yon moun kapab genyen. Labib rele l « Kòmansman lasajès.»12
Yon lòt fwa, konesans ou sou Lwa Bondye mete yo ta dwe ede w wè ke w gen yon vi menase ak yon dilèm: yon gwo pwoblèm ki se jistis Bondye (Kòlè jistifyab Li) kont peche ou yo. Sanksyon jis pou lè w peche kont youn nan Lwa se lanmò ak ale nan Lanfè etènèlman. Men ou pa vyole youn nan Lwa sa yo. Tankou rès nan nou, nou pa menm ran nou kont ke nou kon vyole tout lwa sa yo, yo chak san konte konbyen fwa. Ki kalite kòlè ou panse yon jij genyen anvè yon kriminèl koubap nan vyole lalaw 10 mil fwa ?
