An n gade koulye a kat pi gwo relijyon yo pou wè si yo ka ede w nan sitiyasyon difisil sa a.
Endouyis
Relijyon Endouyis la di ke si w te yon move moun, ou ka reyenkane nan yon rat osinon nan yon lòt animal.13 Si w te yon bon moum, ou ka retounen sou tè a tankou yon prens. Se tankou yon moun ka di : « Lè w sote nan avyon vole anba, wap retounen tankou yon lòt pasaje. Si w te yon move moun, ou pral lan klas ekonomi, si w te yon bon moun, ou prale nan premye klas ». Se yon reyalite enteresan, men li pa rezoud vrè pwòblem lan ki se peche kont Bondye ak reyalite Lanfè a.
Boudis
Etonamman, relijyon Boudis la nye ke si Bondye menm egziste. Li anseye ke lavi ak lanmò se yon sòt ilizyon.14 Se tankou kanpe devan papòt avyon an pandan w di : « Mwen pa la reyèlman, pa gen koze fòs atraksyon ak mwen pap frape ak anyen anba a. Sa ka ede w ak laperèz ou pou yon ti kras tan men li kadre reyalite Lanfè a.
Islam
Enteresan, Islam rekonèt reyalite peche ak Lanfè, ak jistis Bondye a men li ofri kòm espwa ke pechè yo kapab echape ak jistis Bondye a si yo fè zèv relijye. Bondye ap wè sa akòz sa, pètèt Li ap gen pitye-men yo pa si de sa 15. Chak travay moun fè pwal peze lè Jijman Dènye a. S’ap deside kiyès ki sove ou pa. Eske yo te swiv Islam, sensè nan repantans yo ak fè ase bon zèv pou depase pwa s’ak te movè yo.
Kidonk, Islam ret kwè yon moun ka achte pitye Bondye pa pwòp jefò yo. Se menm jan, sòt nan avyon vole anba panda wap bat men w kon papiyon ap defye fòs gravite latè ak epanye sòt tonbe nan wòtè 10,000 pye.
Gen yon lòt bagay pou nou wè. Lalaw kit sot nan Bondye pa montre lòt bagay sou nou ke yon mechan kriminel, koupab ak kondane twon yon Jij pafè ak sen. Lè w konprann sa, ki vle di “bon zèv” nou yo parèt an reyalite tankou yon mannèv pou grese men Jij Inivè a. Bib la di: Akòz fot nou, nenpòt bagay nou ofri Bondye pou jistifikasyon nou (liberasyon nou nan tribinal Li a) se yon abominasyon nan pou Li, 16 yon diplis sou krim nou yo.
Islam tankou lòt relijyon yo pa rezoud pwoblèm ki se peche kont Bondye ak reyalite Lanfè a.
Krisyanis
Ki donk poukisa Krisyanis diferan? Eske tout relijyon pa menm ? An nou fè yon gade. Nan Krisyanis lan, Bondye li menm bay nou yon “parachit”. Pawòl Li konsenan Seyè a: “ abiye ak Seyè Jezi Kri”.17 Tankou parachit lan ki rezoud dilèm ou ak kesyon fòs gravite ya ak tout konsekans yo, konsa Seyè a rezoud pafètman dilèm ou ak Lalwa sou Bondye ak tout konsekans yo! Se grenn kat sa ki te manke w.
Kòman Bondye rezoud pwoblèm lan? Li satisfè kòlè L pandan li tounen yon moun vivan ak pran chatiman sou Li men. Bib la di nou Bondye te nan Kris, rekonsilye ak limanite. Se sèl Krisyanis lan ki bay yon parachit pou sove nou de konsekans Lwa ke nou te vyole a.
