AN RETOUNEN NAN AVYON AN

Pou montre sa pi byen, an nou nou retounen sou koze avyon an pou yon moman. Ou trouve w nan wòtè 10 mil pye. Ou dwe sote. Kè w ap rache nan lestomak w. Poukisa ? Akòz laperèz. Ou konnen fòs atraksyon latè a ka touye w lè w vole anba.

Yon moun ta ofri yon Mona Lisa orijinal. Ou mete de kote.
Yon lòt moun bay kle yon Lamborghini tou nèf. Ou kite yo tonbe atè.

Yon lòt ap fwote yon milyonn dola lan pla men w. Ou pouse men moun nan pandan w kanpe panike devan desten w.

Briksoukou ou tande yon vwa di w: “Men yon parachit!”

Kilès nan kat moun sa yo wap plis fè konfyans. Moun ki kenbe parachit lan ! Yon lòt fwa, se laperèz ou ki fè w panse ak lide parachit la.

Se nan menm fason sa, konesans w sou koze Lalaw Bondye a ap ran nou tèlman pè kote koze de Sove vin yon gwo zafè ! Sa rezoud pwoblèm you sou kesyon kòlè Bondye. Bondye renmen w anpil opwen Li tounen yon moun vivan san peche: Jezi Nazarèt. Sovè a mouri apre anpil soufrans sou la kwa, pou l ka pran Li menm chatiman nou (chatiman lanmò). Egzijans jistis etènèl la te satisfè moman li kriye : « Se fini ! ».

Kout zèklè kòlè Bondye te kanpe sèk ak tonè endinyasyon L te fè silans sou Kalvè lakwa plen san an. Kris te rachte nou de chatiman lalaw a, pandan pran chatiman pou nou 18 Nou vyole Lalwa, Men li tounen moun pou peye fot nou nan san lavi L’.

Apre Li leve pami mò yo, kraze lanmò. Sa vle di Bondye ka padone chak peche ke w fè ak soulaje santans lanmò w. Si w repanti ak plase konfyans nan Bondye ou kapab di avèk apot Pòl :

Men lalwa Lespri lavi nan Jezi retire m sou lalaw peche ak lanmò a 19

Koulye a ou pa bezwen gen laperèz lanmò, ak ou pa bezwen tann pou rezoud pwoblèm peche ak kòlè Bondye.20 Sovè a se yon kado Bondye. Levanjil se san pale yon bònn nouvèl pou tout ras limanite pechrès la !

Bondye Li menm ka jistifye w. Li ka pwòpte w ak ba w ladwati Kris la. Li ka rann kè w pwòp pandan Li ka lave tout peche ou yo. Li ka abrite w kont kòlè Li nan vye tou Wòch Li te fouye pou ou a 21
Sèlman Jezi ki sove w devan lanmò ak Lanfè, yon bagay ou pa ka travay pou li ak merite l.22



Next Page >


© 2007 Ray Comfort. All rights reserved ~ Graphics www.genesis-group.net ~ Website designed by Kiwiblue Design.
Login Back To Top