FÈ SA KOULYE A

Pou jwen kado ki pap janm fini an, you dwe repanti peche w yo (tounen fas kont yo) ak abiye ak lavi Seyè a Jezi Chris tankou ou tap mete yon parachit. Fè Li konfyans sèlman si w vle sove. Sa vle di ou bliye pwòp zèv kòm mwayen pou ka fè Li plezi. (tante grese men Li) ak kwè sèlman nan sa Jezi te fè pou ou. Senpman jete w nan bra Jij la. Bib la di ke Li plen ak konpasyon pou tout moun ki fè apèl ak Li. 23 Kidonk, rele Li koulye a. Lap tande w si w apwoche L avèk yon kè dou ak plen pitye.

Fè sa koulye a paske ou pa janm konnen ki lè w ka kite sa. Konfese peche devan Bondye, mete konfyans ou nan Jezi pou li ka sove w, wa va pase de lanmò a lavi. Bondye fè w pwomès sa.24

Priye konsa :
« Papa Bondye, jodi a mwen kase tèt tounen bay tout peche mwen yo [site yo] ak mwen va mete konfyans mwen nan Jezi Kris sèl kòm Seyè mwen ak Sovè mwen. Tanpri souple padone m, chanje kè m, fè m gras yon lavi ki pap janm fini an. Nan non Jezi mwen priye ou. Amèn »

Koulye a genyen lafwa nan Bondye. Ou kapab konte sou Li anpil. Pa janm doute pwomès li yo. Li pa ka bay manti.
Obeyisans w devan volonte Bondye pwal prèv senserite lapriyè w. Li pawòl li (Bib la) chak jou ak obeyi sa w li a.25

Apre ale sou www.livingwaters.com ak klike sou : « Save Yourself Some Pain .» ki vle di Evite Tèt w Kèk Soufrans. Wap jwen prensip ki ka ede w grandi nan lafwa. Ou ka ta renmen genyen: “The Evidence Bible” ki vle di: Prèv Sou Labib” lap repon ak 100 pi gwo kesyon sou lafwa yon kretyen. Kòmantè detaye nan liv sa a ap ede w grandi kòm kretyen.26

Sivouplè pa jete livrè sa nan yon kwen. Li te ede w anpil, pase l bay yon lòt moun ke w sousye de li- Pa gen bagay ki ka pi enpòtan ke konnen kote w pral pase etènite w. 27. Mèsi poutèt ou te li l.

Ke Bondye kontinye beni w ak tout moun ou yo.

Ray Comfort


© 2007 Ray Comfort. All rights reserved ~ Graphics www.genesis-group.net ~ Website designed by Kiwiblue Design.
Login Back To Top